Chèz Sekirite Machin (pou timoun)
Pozisyon chèz sekirite machin yo
Itilize chèz machin ki apwopriye a, kapab souvan anpeche timoun yo blese nan yon aksidan machin. Toutotan timoun lan ap grandi se toutotan kalite chèz l ap gen bezwen an ap chanje. Akademi Pedyatri Ameriken (The American Academy of Pediatrics) ak Administrasyon Nasyonal Sekirite Woutye (National Highway Traffic Safety Administration, NHTSA) genyen gid ki disponib pou ede w chwazi bon jan chèz ki apwopriye pou bebe w la. Konsilte manyèl itilizasyon chèz machin lan tou.
Chèz sekirite yo kapab bay fas yo swa devan, swa dèyè. Règ jeneral la se, fas timoun lan dwe bay sou dèyè pou pi lontan posib lè l ap vwayaje. Se pozisyon ki plis sekirize pou yon timoun nan yon aksidan machin. Suiv rekòmandasyon sa yo:
Laj
|
Ki chèz pou w itilize
|
Apati nesans rive 1 lane
|
Toujou itilize yon chèz ki bay fas li sou dèyè ki byen sekirize sou chèz dèyè machin lan.
|
Soti 1 pou rive 3 lane
|
Fas bebe ansanm ak fas timoun piti yo dwe bat sou dèyè lè yo nan chèz sekirite machin lan pandan pi lontan posib. Sa vle di jiskaske yo gen tay oubyen pwa ki otorize pou yo chita nòmalman nan machin nan. Verifye enstriksyon chèz sekirite ou a. Majorite chèz sekirite ki gen doub fonksyon yo, gen yon maksimòm pwa ak tay k ap pèmèt timoun nan rete fas dèyè pandan 2 an oswa plis lè l nan machin.
|
Soti 4 pou rive 7 lane
|
Itilize yon chèz ki bay fas li devan ki gen yon anè ansanm ak yon atach ladan l, jiskaske timoun ou an atenn tay ak pwa maksimòm fabrikan chèzl a otorize a. Lè timoun lan vin twò gwo pou chèz ki bay fas li devan ki gen anè sekirite ladan l lan, itilize yon chèz elevatè. Chèz sa a dwe toujou pozisyone sou chèz dèyè machin lan.
|
Soti 8 pou rive 12 lane
|
Itilize yon chèz elevatè jiskaske timoun ou an gran ase pou l chita kòrèkteman nan yon senti sekirite. Pou senti sekirite a byen ranje, senti ba vant lan dwe plase sou kuis li olye de lestomak li. Senti dyagonal la dwe byen ranje sou epòl la ak sou pwatrin nan, epi li pa dwe travèse ni kou a ni vizaj la. Sonje: timoun ou an dwe toujou chita dèyè nan machin lan paske konsa li plis an sekirite.
|
Chèz ki bay fas yo dèyè. Bebe ansanm ak timoun piti yo dwe pozisyone sou yon chèz ki bay fas li dèyè nan machin lan pi lontan posib. Sa vle di jiskaske yo gen tay oubyen pwa ki otorize pou yo chita nòmalman nan machin nan.

-
Genyen 2 kalite chèz sekirite ki bay fas yo dèyè: chèz ki pou bebe sèlman yo, ak chèz ki gen doub fonksyon yo. Chèz ki pou bebe sèlman yo dwe toujou bay fas yo dèyè. Yon chèz ki gen doub fonksyon kapab bay fas li dèyè. Men ou kapab chanje l epi bay fas li devan tou lè timoun lan atenn tay ak pwa maksimòm fabrikan chèz la fikse a. Majorite chèz sekirite ki gen doub fonksyon yo, gen yon maksimòm pwa ak tay k ap pèmèt timoun nan rete fas dèyè pandan 2 an oswa plis lè l nan machin.
-
Chèz sa yo sipoze panche, selon enstriksyon fabrikan an. Sa anpeche tèt bebe w la baskile al devan.
-
Anè a dwe plase nan fant chèz la yon fason pou l nan nivo epòl timoun lan oswa pi ba. Toujou suiv enstriksyon fabrikan chèz la bay yo konsènan kòman pou w byen pozisyone yon anè.
Chèz ki bay fas yo devan. Timoun ki depase tay ak pwa yo fikse pou chèz ki bay fas dèyè yo dwe travèse nan chèz ki bay fas yo devan epi ki gen anè. Yo dwe itilize chèz sa a jiskaske yo atenn maksimòm tay ak pwa ki otorize a.
-
Gen plizyè kalite chèz ki kapab bay fas yo devan. Tankou chèz entegre yo, chèz konbine avèk fonksyon fas avan yo/chèz elevatè yo, ak jilè vwayaj yo.
-
Anè a dwe plase nan fant chèz la yon fason pou l nan nivo epòl timoun lan oswa pi ba. Toujou suiv enstriksyon fabrikan chèz la bay yo konsènan kòman pou w byen pozisyone yon anè.
Chwazi yon chèz machin
-
Pi bon chèz pou timoun ou an se sila ki konfòm ak pwa ansanm ak tay li a. Se sa ki byen chita nan machin ou an tou. Pa sèlman gade sou pri yo.
-
Eseye chèz la. Plase timoun ou an ladan l, ranje anè sekirite a epi boukle l. Verifye si l konfòm ak timoun ou an epi ak machin ou an.
-
Nenpòt chèz ou achte a, verifye si w ap kapab itilize l kòrèkteman a chak fwa.
-
Achte yon chèz sèlman si w konn kapasite rezistans li nan ka aksidan epi ou konn dat ekspirasyon l. Sa vle di ou pa dwe achte yon chèz nan yon boutik okazyon oswa anliy. Si yon chèz te sibi yon aksidan deja oswa si dat ekspirasyon li rive, pa itilize l.
-
Si konpayi a pa bay pyès enstriksyon sou sa, kontakte depatman sèvis konpayi a. Y ap bezwen konn nimewo modèl chèz la, non chèz la, ak dat li te fabrike a.
-
Suiv enstriksyon konsènan kòman pou w enstale chèz la ki twouve l nan manyèl itilizasyon machin ou an
-
Verifye si tout moun k ap vwayaje nan machin ak timoun ou an itilize chèz sekirite oswa senti sekirite ki kòrèk la. Sa dwe fèt chak fwa, pou chak vwayaj. Konsistans se youn nan karakteristik yon bon paran. Sa pèmèt timoun ou an plis an sekirite epi li rann li plenyen mwens.
Enstale epi itilize yon chèz machin
-
Verifye si chèz la pa bouje plis pase 1 pous soti yon bò al nan yon lòt bò kote senti sekirite a pase sou chèz la (trajektwa senti sekirite a).
-
Li epi suiv konsèy ki nan manyèl enstriksyon chèz la. Toujou kite manyèl la sou je.
-
Konsilte manyèl itilizasyon machin lan pou w jwenn enfòmasyon kòman pou w enstale chèz sekirite ou a.
-
Pou w verifye si w byen enstale chèz la nan machin ou an, kontakte yon teknisyen sètifye nan sekirite timoun k ap vwayaje (CPS). Pou plis enfòmasyon, vizite NHTSA nan www.nhtsa.gov/equipment/car-seats-and-booster-seats oswa Safe Kids Worldwide (Sekirize Timoun nan tout Monde lan) nan www.safekids.org. Lopital, lapolis, depatman sèvis ensandi nan lokalite ou a kapab genyen teknisyen CPS tou.
-
Verifye enstriksyon sou itilizasyon chèz machin nan pou w asire ou, w ap itilize ekipman yo kòrèkteman.
-
Verifye si anè yo byen ranje epi plake sou pwatrin timoun lan.
-
Mete dispozitif pou w boukle l la nan nivo anba bra a.
-
Toujou plase chèz sekirite a sou chèz ki dèyè nan machin lan. Timoun ki gen pi piti pase 13 lane yo dwe toujou chita dèyè nan yon machin. Sa rann li plis an sekirite nan ka yon aksidan machin.
-
Pa itilize yon chèz machin ki ekspire. Chèz yo souvan ekspire lè yo rive sou anviwon 6 lane. Verifye manyèl itilizasyon chèz sekirite a pou w jwenn enfòmasyon sou dat ekspirasyon l.
-
Pa itilize yon chèz ki gen domaj ki vizib oswa ki te sibi yon aksidan machin deja. Ranplase chèz la aprè kèlkeswa aksidan an.
-
Pa itilize yon chèz ou te pote tounen. Pou w verifye chèz machin ou an, ale sou NHTSA at www.nhtsa.gov/recalls.
-
Amelyore chèztimoun ou an toutotan l ap grandi. Konsève tras pwa ak tay timoun ou an lè w al vizite yon founisè swen sante avè l. Se konsa w ap kapab konnen si timoun ou an twò gran pou chèz li a.
-
Lè timoun ou an vin twò gran pou yon chèz bebe, travèse l nan yon chèz elevatè.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.