Related Reading
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Enstriksyon egzeyat pou kriz kadyak

Ou te fè yon kriz kadyak (enfaktis myokad egi). Yon kriz kadyak rive lè yon veso k ap voye san nan kè ou vin bloke toudenkou. Sa lakòz kè ou pa travay byen jan li ta dwe a. Swiv gid sa yo pou swen nan kay ak chanjman nan fason wap viv.

Lakay

  • Tcheke ke ou gen yon lis tout medikaman w ap pran yo. Pran medikaman yo egzateman jan sa dwe fèt. Asire w ke yo te ba w enstriksyon sou medikaman ou yo ak kijan pou w pran yo. Asire w ke w gen yon famasi pou w ka egzekite preskripsyon an. Pa sote dòz yo. Pale ak founisè swen sante w la si medikaman w yo pa mache pou ou. Ansanm nou ka vini ak yon lòt plan tretman.

  • Sonje ke rekiperasyon apre yon kriz kadyak pran tan. Planifye pou detann ou pandan omwen 4 a 6 semèn pandan w ap refè. Apre sa a, retounen nan aktivite nòmal ou lè doktè w di w tout bagay OK.

  • Mande doktè w pou w antre nan yon pwogram reyabilitasyon kadyak. Sa a ka ede ranfòse kè w ak poumon w epi ba ou plis enèji ak konfyans.

  • Di doktè w siw santi w deprime. Santiman tristès yo komen apre yon kriz kadyak. Men, li enpòtan pou w pale ak yon moun oswa mande konsèy si santiman sa yo twòp pou ou. Santiman sa yo pase pi souvan apre yon mwa.

  • Rele 911 tousuit si ou gen doulè nan pwatrin oswa doulè ki ale nan zepòl ou, kou w oswa do w. Pamennen tèt ou al lopital lan.

  • Mande manm fanmi w pou aprann CPR. Sa a se yon konpetans enpòtan ki ka sove lavi lè li nesesè.

  • Aprann pran pwòp tansyon ou ak batman kè w. Kenbe yon dosye sou rezilta ou yo. Mande doktè ou ki lè ou ta dwe chèche swen medikal ijans. Yo pral di w ki nivo tansyon ki danjere.

Fason w te konn viv la ap chanje

Gen anpil chans pou kriz kadyak ou a se yon maladi kè ki te lakoz li. Founisè swen sante w la ap travay ak ou pou fè chanjman nan fason wap viv. Sa ap ede maladi kè a pou l pa vin pi mal. Chanjman sa yo se pral yon konbinezon rejim ak egzèsis.

Rejim

Founisè swen sante w la ap di w ki chanjman ou bezwen fè nan rejim ou an. Ou ka bezwen wè yon dyetetisyen yo rekonèt pou jwenn èd ak chanjman rejim alimantè sa yo. Chanjman sa yo ka gen ladan yo:

  • Redui sou kantite grès ak kolestewòl ou manje

  • Redui kantite sèl (sodyòm) ou manje, sitou si w gen tansyon wo

  • Manje plis legim ki fre ak fri

  • Manje pwoteyin mèg tankou pwason, bèt volay, ariko, ak pwa, epi manje mwens vyann wouj ak vyann trete

  • Itilize pwodui ki pa gen anpil grès

  • Sèvi ak yon kantite limite lwil vejetal ak nwa

  • Limite kantite bagay dous ak manje yo transfòme yo, tankou chips, ti gato, ak manje yo

  • Limite konbyen fwa ou manje deyò. Epi lè wap manje deyò, fè pi bon chwa manje.

  • Pa manje manje fri oswa gra, oswa manje ki gen anpil grès satire

Egzèsis

Founisè swen sante w la ka di w pou w fè plis egzèsis si w pa t aktif fizikman. Tou depan de ka pa w la, founisè w la ka rekòmande w yon pwogram egzèsis ki pi bon pou ou. Chofe w pandan 5 a 10 minit anvan ou fè egzèsis epi repoze w 5 a 10 minit apre ou fin fè egzèsis.

Pwogram reyabilitasyon kadyak la

Mande founisè swen sante w la pou l pale w de yon pwogram reyabilitasyon kadyak. Reyabilitasyon kadyak la se yon pwogram yon doktè sipèvize pou ede moun ki gen maladi kè. Li fèt pou amelyore gerizon kè ak kapasite w pou fonksyone. Li ede w prepare w tou pou aktivite lavi chak jou yo. Moun ki nan pwogram sa a gendwa te fenk fè yon kriz kadyak oswa yon operasyon nan kè. Sa ka salouje sentòm ou yo epi amelyore santiman byennèt ou. Pwogram reyabilitasyon kadyak ou a fèt pou satisfè bezwen ou yo. Yon kadyològ ak yon ekip pwofedyonèl sante sipèvize l. Pwogram ou a ka dire soti nan 6 semèn jiska yon làne.

Objektif reyabilitasyon kadyak la se ede soulaje sentòm ou yo epi fè kè ou pi an sante ke posib. Pwogram ou a ka gen ladan l:

  • Pwogram egzèsis. Sa fè ou pi anfòm, epi li ede kè ou travay pi byen.

  • Kou pou ede w chanje vi w ak abitid ou. Pa egzanp, kou ak sipò lòt moun pou ede w kite fimen. Oswa ou ka pran yon kou sou nitrisyon pou aprann kijan pou w manje pi byen.

  • Jesyon estrès. Ou pral aprann kijan pou jere estrès pou diminye enkyetid ou.

  • Konsèy. Sa ap ede ou konprann plis bagay sou kondisyon espesifik ou ak kijan pou viv ak li.

  • Terapi okipasyonèl. Se pou ede w prepare w pou w reprann travay oswa pou w jere aktivite nòmal nan lavi chak jou.

Lòt chanjman

Founisè swen sante w la ka rekòmande w pou w:

  • Pèdi pwa. Si ou twò gwo oswa obèz, founisè w la ap travay avèk ou pou pèdi pwa anplis yo. Fè chanjman rejim ak fè plis egzèsis ka ede. Yon bon objektif se pèdi 10% nan pwa kò ou nan yon làne.

  • Sispann fimen. Enskri pou yon pwogram pou sispann fimen pou w ka gen plis chans pou ou kite pou tout tan. Ou ka rantre nan yon gwoup sipò pou w sispann fimen. Oswa mande doktè w la pou pwodwi ranplasman nikotin oswa medikaman pou ede w kite fimen.

  • Aprann jere estrès ou. Teknik jesyon estrès pou ede w fè fas ak estrès nan lavi familyal ak pwofesyonèl. Sa a pral ede w santi w pi byen emosyonèlman epi soulaje presyon ki fèt sou kè ou.

  • Kontwole lòt kondisyon yo. Si w gen dyabèt, tansyon wo, maladi ren, oswa kolestewòl wo, founisè w la ap travay avèk ou pou kontwole maladi sa yo. Tout sa yo se faktè risk pou kriz kadyak.

Suivi

Tcheke ke ou gen detay sou tout randevou medikal ou yo yon fwa ou fin kite lopital la. Oswa pran yon randevou swivi jan yo mande sa a.

Rele 911

Rele 911 tousuit si ou gen:

  • Doulè nan pwatrin oswa doulè nan kou w, machwè w, do w, oswa zepòl ou

  • Nouvo souf kout

Kilè pou w rele founisè swen sante w la

Rele founisè swen sante ou a imedyatman si ou genyen:

  • Etoudisman, tèt vire, oswa evanouyisman

  • Santi batman kè iregilye oswa batman rapid

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer