Related Reading
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Apre Akouchman an: Kilè pou W Rele Founisè Swen Sante a

Ou menm oswa bebe w la ka petèt gen pwoblèm sante aprè akouchman an. Rele yon founisè swen sante si w remake nenpòt nan siy sa yo.  

Siveye ti bebe w la pou siy sa yo

Rele founisè swen sante ti bebe w la si ti bebe w la gen nenpòt nan bagay sa yo:

  • Yon tanperati rektal oswa fwontal ki 100,4°F (38°C) oswa pi wo, oswa nan nivo founisè a di w la

  • Gen mwens pase 6 daypè epè ki mouye pa jou

  • Po a oswa blan je yo parèt jòn

  • Po bouch li, lang li, oswa bouch li, ble

  • Po ki pal, gri, oswa ble

  • Fè anpil tan ap kriye

  • Kòmsi l ap kriye paske li gen doulè

  • Dyare

  • Refize tete 2 fwa youn dèyè lòt

  • Inaktif oubyen mou

  • Vomisman

  • San nan twalèt li oswa nan vomi l

  • Gratèl

  • Likid k ap sot nan zòrèy li

  • Ou gen difikilte pou w respire

  • Kriz

  • P ap reveye

  • Woujè, enflamsyon, oswa likid (pij) nan kòd lonbrit li

  • Yon sikonsizyon ki pa vle geri oswa k ap senyen

Fè ensten w konfyans. Tibebe ki fenk fèt yo bezwen anpil swen. Rele founisè swen sante ti bebe w la si w enkyete w.

Siveye sante pa w pou siy sa yo

Rele founisè swen sante pa w la si ou gen nenpòt nan sa yo:

  • Ou santi tete w ap boule w oswa y ap fè w mal

  • Ti tras wouj oubyen ti kote ki di ki gen ti grenn nan tete w

  • Pwoblèm pou w bay tete

  • Yon fyèv 100,4°F (38°C) oswa pi wo, oswa nan nivo founisè swen sante w la di w la

  • Gwo fatig oubyen kò fè mal, tankou w te gripe

  • Doulè, likid, oswa san nan kote yo te fè w sezaryèn

  • Santi w tris oswa enkyè anpil

  • Oswa ou santi w pa vle rete ak ti bebe w la

  • Vant fè mal (abdominal) medikaman pa soulaje

  • Likid ki gen vye sant ap soti nan vajen w

  • Ou mouye plis pase 1 kotèks pa èdtan akoz w ap senyen nan vajen

  • Kriz

  • Gwo tèt fè mal

  • Enflamasyon nan figi w oubyen nan manm ou yo

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer