Related Reading
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Chwa kontrasepsyon yo

Nou konprann kesyon jan an se yon domèn ki laj. Nou ka itilize tèm ki gen rapò ak jan pou nou pale sou ànatomi ak risk sante. Tanpri itilize enfòmasyon sa yo nan fason k ap pi bon pou oumenm ak pou founisè w la lè n ap pale de swen ou yo.

Kontrasepsyon anpeche w ansent pandan rapò seksyèl yo. Gen plizyè kalite kontrasepsyon. Gen kèk ki pi byen mache pase lòt. Yo toujou teste nouvo kalite tout tan. Founisè swen sante w la ka ede w chwazi ki kalite kontrasepsyon ki plis bon pou ou. Men kèlkeswa kalite ou chwazi a, oumenm ak patnè w la dwe itilize l nan bon fason an chak fwa n ap fè bagay. Men kèk nan kalite ki pi kouran yo anba a.

Kapòt

Yon kapòt pou gason se yon ti fouwo fen ki sèvi pou vlope peni an. Kapòt pou fi a menm antre anndan vajen an. Kapòt la kenbe espèm ki soti nan peni an pandan rapò seksyèl la.

Espèmisid

Espèmisid la kapab yon jèl, mous, krèm, konprime oswa yon eponj. Eponj la fonksyone tou tankou yon baryè ansanm ak espèmisid la. Yo mete l nan vajen an anvan rapò seksyèl yo pou tiye spèm nan.

Dyafrag ak kap sèvikal

Yon dyafrag se yon ti bouchon tou won ki fèt an kawotchou ki anpeche espèmatozoyid antre anndan matris la. Yon kap sèvikal fèt menm jan, sèlman li pi piti. Yo kenbe spèmisid yo anplas tou.

Esterilè (Intrauterine device, IUD)

Yon esterilè se yon ti aparèy founisè swen sante a mete anndan matris la. Li ka fè plizyè mwa oswa plizyè àne la a, selon jan sa a nesesè.

Grenn lan

Yo pran grenn kontraseptif la chak jou. Li gen òmòn ladan l ki anpeche ovè yo libere yon ovil chak mwa.

Lòt òmòn yo

Yo ka bay òmòn ki anpeche liberasyon ovil yo chak mwa lòt fason. Tankou enjeksyon, enplan, patch, oswa bag vajinal.

Lòt chwa yo

Lòt metòd kontrasepsyon yo gen ladan yo:

  • Esterilizasyon lakay gason (vazektomi). Operasyon sa a mare oswa koupe tib (kànal deferan) ki ale nan testikil la. Yo fè sa a pou espèmatozoyid yo pa pase ale nan espèm peni an bay la.

  • Esterilizasyon lakay fi. Operasyon sa bloke oswa koupe twonp falòp yo. Sa ka fèt nan vant lan (lapawoskopi) pou bloke oswa retire yon pati oswa tout twonp falòp la. Yo ka fè sa tou pandan yon sezaryèn.

  • Metòd retrè. Sa a se lè yo gentan retire peni an anndan vajen an anvan ejakilasyon an fèt. To echèk metòd sa a wo. Li varye ant 22% a 28%.

  • Metòd konesans fètilite a. Sa a se lè fi a siveye epi sonje jou li fèti l yo. Li fè bagay sèlman lè l konnen l p ap ka ansent. Metòd sa a pa fasil pou fanm ki gen règ ki iregilye yo.

Kontrasepsyon ijans (Emergency contraception, EC)

Kontrasepsyon ijans lan ka ede prevwa yon gwosès aprè yon rapò seksyèl ki pa t pwoteje. Grenn òmonal yo disponib san preskripsyon pou tout moun. Yo rele yo tou grenn pou pran nan demen. Dezyèm tip EC ki genyen se yon esterilè an kwiv. Se yon founisè swen sante ki kalifye pou sa ki dwe mete l anplas. Yo ka fè tou de kalite kontrasepsyon ijans yo jiska 5 jou aprè rapò seksyèl la. Men yo sipoze fè sa a pi bonè posib. Plis yo fè l pi bonè aprè yon rapò seksyèl ki pa t pwoteje, se plis li gen chans efikas. EC yo p ap fonksyone si w gentan ansent.

Bagay pou w konsidere

Panse sou sa ki anba yo:

  • Chwazi yon tip kontrasepsyon ki fasil pou itilize.

  • Aprann kijan pou w itilize kontrasepsyon ou an bon fason an. Li enstriksyon ki sou bwat la. Suiv enstriksyon founisè swen sante w la.

  • Toujou sonje anpil nan kalite kontrasepsyon yo pa pwoteje w kont enfeksyon moun pran nan fè bagay (IST) yo. Pou pwoteje tèt ou kont IST yo, toujou itilize yon kapòt ki fèt ak latèks. Si w alèji a latèks, yon kapòt san latèks ka ba w yon sèten pwoteksyon.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer