Health Encyclopedia
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Enfeksyon nan Blad pipi (vesi), fanm (granmoun)

Pipi nòmalman pa gen okenn mikwòb (bakteri) ladan l. Men bakteri yo ka antre nan vwa irinè atravऑè po nan alantou rektòm. Oswa yo ka vwayaje nan san an atravè lòt pati nan kò a. Depi yo nan vwa irinè w, yo ka lakòz enfeksyon nan zòn sa yo:

  • Irèt la (iretrit)

  • Blad pipi a (sistit)

  • Ren yo (pyelonefrit)

Kote ki pi komen pou yon enfeksyon se nan blad pipi a. Yo rele sa yon enfeksyon nan blad pipi. Sa a se youn nan enfeksyon ki pi komen lakay fanm paske fanm yo gen yon irèt pi kout pase pa gason yo. Bakteri gen yon distans ki pi kout pou yo vwayaje pou yo rive nan blad pipi a. Fanm ki rive nan menopoz yo tou pèdi pwoteksyon ak estwojèn ki diminye chans pou yo trape yon UTI (enfeksyon irinè). Epi kèk fanm gen pi gwo risk akoz jèn yo.

Pifò enfeksyon nan blad pipi fasil pou trete. Yo pa grav sof si enfeksyon an simaye nan ren an.

Yo souvan itilize tèm enfeksyon nan blad pipi, enfeksyon irinè, ak sistit yo pou dekri menm bagay la. Men yo pa toujou menm bagay la. Sistit la se yon enflamasyon nan blad pipi a. Koz ki pi komen pou sistit la se yon enfeksyon.

Imaj lateral basen feminen an k ap montre blad pipi a, irèt la, ak matris la.

Sentom

Enfeksyon an lakoz enflamasyon irèt la ak blad pipi a. Se sa ki lakoz anpil nan sentòm yo. Sentom ki pi komen yon enfeksyon nan blad pipi a se:

  • Doulè oswa boule lè w ap pipi

  • Al pipi pi souvan pase nòmal la

  • Bezwen ijan pou pipi

  • Se sèlman yon ti kantite pipi ki soti

  • San nan pipi a

  • Malèz nan vant (abdomèn). Li souvan anba vant lan pi wo zo pibyen an.

  • Doulè nan ba do a

  • Pipi twoub

  • Pipi ki santi fò oswa ki gen move sant

  • Pa kab pipi (retansyon irinè)

  • Pa kapab kenbe pipi (enkontinans irinè)

  • Lafyèv

  • Pèdi apeti

  • Konfizyon (lakay ti granmounn yo)

Koz

Enfeksyon nan blad pipi yo pa kontajye. Yon moun paka ba ou l nan yon syèj twalèt, oswa nan pataje yon beny.

Kòz ki pi komen yon enfeksyon nan blad pipi se bakteri ki soti nan twalèt yo. Bakteri a sou po a alantou ouvèti irèt la. Depi la, yo ka antre nan pipi a. Apre sa yo monte jis nan blad pipi a, sa ki lakoz yon enflamasyon ak yon enfeksyon. Sa rive souvan akoz:

  • Pa byen siye w apre w fin fè pipi. Toujou siye devan al dèyè.

  • Pa kenbe twalèt

  • Gwosès. Pandan gwosès, chanjman nan vwa irinè yo ogmante risk pou enfeksyon.

  • Pwosedi tankou mete yon katetè

  • Gen anpil laj

  • Kenbe pipi. Sa ka bay bakteri yo posiblite pou yo devlope nan pipi w.

  • Pèt likid (dezidratasyon)

  • Konstipasyon

  • Fè sèks

  • Itilizasyon yon dyafram pou kontraseption 

Tretman

Yo dyagnostike enfeksyon nan blad pipi yo gras ak yon tès pipi epi kilti pipi a. Yo trete yo ak antibyotik. Souvan yo geri byen vit san pwoblèm. Tretman an ede anpeche yon enfeksyon nan ren ki pi grav.

Medikaman

Medikaman ka ede nan tretman yon enfeksyon nan blad pipi:

  • Pran antibyotik jiskaske yo fini, menm si ou santi w miyò. Li enpòtan pou w fini ak yo pou asire w ke enfeksyon an geri.

  • Ou ka itilize asetaminofèn oswa ibipwofèn pou doulè, lafyèv oswa malèz, sof si yo te preskri yon lòt medikaman. Si w gen yon maladi nan fwa oswa nan ren alontèm (kronik), pale sa ak founisè swen sante w la anvan w itilize medikaman sa yo. Pale ak founisè w la tou si w te deja gen yon ilsè lestomak oswa yon emoraji gastwo entestinal (GI), oswa si w ap pran antikowagilan.

  • Si yo ba w fenazopiridin pou diminye boule lè w pipi, sa pral fè pipi w vin yon koulè jòn abriko cho. Sa ka tache rad.

Swen ak prevansyon

Mezi swen pou w bay pwop tèt ou sa yo ka ede w fè prevansyon kont pwochen enfeksyon an:

  • Bwè anpil likid. Sa ap ede w anpeche dezidratasyon epi netwaye blad pipi w. Fè sa sof si ou dwe mete restriksyon sou konsomasyon likid pou lòt rezon sante, oswa founisè swen sante ou a te di w pa fè sa.

  • Netwaye tèt ou kòrèkteman apre ou fin ale nan twalèt. Siye devan al dèyè lè w fin sot nan twalèt. Sa a ede w anpeche bakteri simaye.

  • Pipi pi souvan. Pa eseye kenbe pipi pou yon tan ki long.

  • Mete rad ki lach ak kilòt koton. Pa mete pantalon ki sere.

  • Amelyore rejim alimantè ou epi anpeche konstipasyon. Manje plis fwi ak legim fre, epi fib. Manje mwens tchaw ak manje gra.

  • Pa fè sèks depi sentom ou yo poko geri.

  • Pa konsome kafeyin, alkòl, ak manje epise. Sa yo ka irite blad pipi w.

  • Pipi touswit apre w fin fè sèks pou w vide blad pipi w.

  • Si w itilize pilil kontraseptif epi w gen enfeksyon nan blad pipi souvan, diskite sou sa ak founisè swen sante w la.

Suivi pou swen yo

Rele founisè swen sante w la si tout sentòm yo pa geri apre 3 jou tretman an. Sa a espesyalman enpòtan si ou gen enfeksyon yon fason ki repete.

Si yo te fè yon kilti, y ap di w si tretman ou an bezwen chanje. Si yo te mande w fè sa, ou ka rele pou w jwenn rezilta yo.

Si yo te fè radyografi, y ap di w si rezilta yo ap afekte tretman ou an.

Rele 911

Rele 911 si nenpòt nan bagay sa yo rive:

  • Difikilte pou w respire

  • Difikilte pou reveye oswa konfizyon

  • Endispoze (pèt konesans)

  • Batman kè rapid

Kilè pou w chèche konsèy medikal

Rele founisè swen sante w la touswit si nenpòt nan bagay sa yo rive:

  • Yon fyèv 100,4°F (38,0°C) oswa pi wo, oswa jan founisè swen sante w la di w

  • Sentòm yo pa amelyore apre 3 jou tretman

  • Sentom yo vin pi mal oswa ou gen nouvo sentom

  • Doulè nan do oswa nan vant ki vin pi mal

  • Vomisman repete, oswa pa kapab kenbe medikaman yo nan lestomak yo

  • Feblès oswa toudisman

  • Ekoulman nan vajen

  • Doulè, woujè, oswa enflamasyon nan zòn pa deyò vajen an (lèv yo)

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer