Depresyon
Depresyon se yon pwoblèm sante mantal ki kouran anpil. Li pa jis yon estad kote w santi w pa kontan oswa tris. Se yon vrè maladi. Koz lan sanble gen rapò ak yon modifikasyon kèk sibstans chimik k ap voye sinyal nan sèvo a.
Bagay sa yo ogmante risk pou yon moun fè depresyon:
Li ka pi fasil pou w wè lòt moun fè depresyon Li ka difisil pou w wè l lakay ou. Li ka parèt nan plizyè fòm fizik ak emosyonèl. Tankou:
-
Pèdi apeti
-
Boulimi
-
Pa ka dòmi
-
Dòmi twòp
-
Anpil fatig ki pa gen rapò ak aktivite fizik
-
Ajitasyon oswa kolerik
-
Ralantisman mouvman oswa lapawòl
-
Santiman tristès oswa ret nan ou menm
-
Pèt enterè pou bagay ou te konn renmen fè
-
Pwoblèm pou w konsantre w, pou w sonje, oswa pou w pran desizyon
-
Panse pou w blese tèt ou oswa pou w touye tèt ou, oswa panse lavi pa vo pou w viv li
-
Manke kwè nan tèt ou
Tretman pou depresyon an ka fèt ni ak medikaman ni ak sikoterapi alafwa. Antidepresè yo ka apeze sentom yo. Yo ka fasilite w tou pou w fè travay kotidyen w yo. Terapi ka pote sipò emosyonèl. Li ka ede w konprann tou bagay ki petèt lakoz depresyon an.
Swen adomisil
-
Swen ak sipò san rete ede moun jere maladi sa a. Jwenn yon founisè swen sante ak yon terapet ki ka satisfè bezwen ou yo. Chèche èd si w ta santi ou malad.
-
Janti ak tèt ou. Fè sa ou renmen fè vin priyorite w. Se kapab fè jaden, mache nan lànati, oswa ale nan sinema. Rekonpanse tèt ou pou ti siksè ou fè yo.
-
Pran swen kò w. Manje yon fason ki ekilibre. Manje manje ki pa gen anpil grès satire. Manje anpil fui ak legim. Fè egzèsis pou piti 3 jou pa semèn pandan 30 minit. Menm ti egzèzis soti nan leje ak modere tankou mache rapid ka ede w santi w pi byen.
-
Pran medikaman w yo jan yo preskri w yo a. Pa kanpe sou medikaman w lan ni chanje dòz la san w pa pale ak founisè swen sante w la sou sa.
-
Yon fwa ou kòmanse pran medikaman an, espere sentom ou yo ap amelyore tou dousman. Gen yon lè k ap rive depresyon an ap pase. Li p ap amelyore tousuit. Mande founisè swen sante w la konbyen tan sa ap pran pou yon medikaman kòmanse aji.
-
Pa pataje medikaman w yo. Pa pran medikaman yo te preskri yon lòt moun.
-
Di founisè swen sante w yo tout medikaman ou pran. Tankou medikaman ak preskripsyon oswa san preskripsyon. Tankou vitamin ak remèd fèy. Kèk sipleman ka entèraji avèk medikaman yo. Yo ka lakoz efè segondè danjere. Poze famasyen w lan kesyon sou entèraksyon ant medikaman yo si w gen kesyon.
-
Pa pran gwo desizyon toutotan ou pa santi ou pi byen. Tankou yon chanjman travay, yon divòs, oswa yon maryaj.
-
Pa bwè alkòl. Li ka fè depresyon an vin pi mal.
-
Pale ak fanmi w epi ak zanmi ou fè konfyans sou santiman w ak panse w. Mande yo pou yo ede w remake chanjman konpòtman yo bonè. Konsa w ap ka jwenn èd epi, si w bezwen yo ka chanje medikaman w yo.
-
Pale ak founisè swen sante w la si ou pa amelyore. Li ka chanje medikaman w lan oswa fè w eseye yon lòt tretman.
Suivi pou swen
Fè suivi ak founisè swen sante w la jan yo rekòmande a.
Swen pou kriz
Rele 988 si w gen lide fè tèt ou mal oswa fè lòt moun mal. Lè w rele 988 oswa ekri l yon mesaj, y ap mete w an kontak ak konseye ki fòme pou prevansyon suisid yo. Gen yon opsyon sou entènèt ki disponib tou. Lifeline gratis epi li disponib 24/7. Konseye 988 yo ap travay avèk 911 pou ede w jwenn swen w bezwen yo.
Rele 988 si ou:
-
Gen lide swisid, yon plan swisid, ak yon fason pou w reyalize plan an
-
Gen lide serye pou w fè yon lòt moun mal
-
Gen pwoblèm pou w respire
-
Ou twouble anpil
-
Santi w kagou anpil oswa ou gen pwoblèm pou w reveye w
-
Endispoze
-
Gen yon nouvo doulè nan lestomak ki vin pi grav, ki dire pi lontan, oswa ki gaye nan zepòl ou, nan bra w, nan kou w, nan machwè w, oswa nan do w
Kilè pou ou pran swen medikal
Rele founisè swen sante w la imedyatman si nenpòt nan bagay sa yo rive:
-
Sentom ou yo vin pi mal
-
Ou gen gwo depresyon, laperèz, anksyete, oswa ou fè kòlè sou tèt ou oswa sou lòt moun
-
Ou santi w pa gen kontwòl
-
Ou santi ou ta eseye fè tèt ou oswa yon lòt moun mal
-
Ou tande vwa lòt moun pa tande
-
Ou wè bagay lòt moun pa wè
-
Ou pa dòmi ni manje pandan 3 jou youn dèyè lòt
-
Zanmi w oswa fanmi w pè pou konpòtman w epi yo mande w pou w chèche èd
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.