Konprann Pyè nan Vesi a
Pyè nan vesi a se ti depo kristal ki fèt apati nan mineral ak pwoteyin yo ki fòme nan pipi a. Yo ka fòme lè yon ti kantite pipi rete nan vesi w lè w fin pipi Pipi a genyen mineral tankou oksalat kalsyòm ak asid irik ki ka rete epi vin di, yo fòme pyè yo.
Tay ak fòm pyè nan vesi a ka varye. Yo plis rive kay gason.

Kisa ki lakoz pyè nan vesi a?
Yon pwostat ipètwofye lakay gason yo se sa ki plis lakoz pyè nan vesi a. Pwostat la se yon ti glann ki tou pre irèt la. Irèt la se nan tib ki vide pipi a pou l ka soti nan kò a. Plis yon gason ap antre nan laj, pwostat li gen tandans vin pi gwo epi li vin ap pouse irèt la. Sa ka lakoz vesi a pa ka fin vide nèt.
Lòt koz posib pyè nan vesi a se:
-
Pwoblèm rejim, tankou mank dlo (dezidratasyon)
-
Enfeksyon vwa irinè a
-
Pwolapsis ògàn pèlvyen yo lakay fanm nan
-
Yon domaj nan mwèl epinyè a ki afekte jan w ap pipi
-
Yon operasyon nan vesi
-
Yon bagay etranje nan vesi a, tankou kouti yon pwosedi medikal oubyen yon katetè
Sentom pyè nan vesi a
Kèk pyè nan vesi pa lakoz okenn pwoblèm. Men si yo lakoz pwoblèm, ou ka gen sentom sa yo:
-
Ou anvi pipi san w pa atann
-
Ou bezwen pipi pi souvan
-
Ou pa ka kenbe pipi w (enkontinans)
-
Ou gen doulè pandan w ap pipi
-
Gen san nan pipi w
-
Doulè nan lestomak
Tretman pou pyè nan vesi a
Nan kèk ka, ou ka pa bezwen okenn tretman pou pyè nan vesi. Li ka soti nan kò w lè w ale nan twalèt. Pou pyè ki pi gwo, tretman yo ka:
-
Chanjman nan rejim ou. Bwè plis dlo chak jou ka ede pyè a kite kò w. Ou ka santi kèk doulè lè pyè yo soti. Ou ka bezwen kanpe sou sèl ak grès pou w anpeche gen plis pyè ki fòme.
-
Operasyon. Gen plizyè pwosedi diferan ki disponib pou trete pyè nan vesi a. Yo ka retire kèk pyè nan irèt la ak yon ti tib ki gen yon kamera sou li (sistoskòp). Yon founisè swen sante ka itilize yon eskòp pou kraze pyè a ak reyon lazè oubyen yon ond chòk. Pou yo retire pi gwo pyè yo y ap koupe tou pre basen an.
Konplikasyon ki posib ak pyè nan vesi a
Kilè pou w rele founisè swen sante w la
Rele founisè swen sante ou a imedyatman si ou genyen youn nan sa yo:
-
Yon fyèv 100.4°F (38°C) oswa pi wo, oswa nan nivo founisè swen sante w la di w la
-
Woujè, enflamasyon, oubyen pèt likid kote yo te koupe a ki vin pi mal
-
Doulè ki vin pi mal
-
Gen san nan pipi a
-
Ou pa ka pipi
-
Sentom yo ki pa vin miyò, oubyen ki vin pi mal
-
Nouvo Sentom
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.