Depistaj Kansè Po
Ou ka ede yo detekte kansè a bonè lè w verifye po w chak mwa. Gen 3 tip kansè nan po: melanòm, kasinòm selil baz yo, ak kasinòm epidèmoyid. Verifye po a chak mwa se pi bon fason pou w jwenn nouvo mak, maleng oubyen chanjman nan po a. Swiv enstriksyon ki pi ba yo pou w verifye po w.
ABCDEs depistaj malanòm nan sin yo
Verifye sin ou yo oubyen eskwasans ou yo pou w jwenn siy melanòm nan pandan w ap itilize ABCDE yo
-
Asimetri: Sou kote sin nan oubyen eskwasans lan pa menm.
-
Brebòॠ: sou kote yo pa regilye, yo antaye, oubyen yo flou.
-
Ckoulè: Koulè nan sin oubyen eskwasans lan chanje. Li te ka nwa, mawon, bwonze, blan, oswa nyans wouj, gri, oswa ble.
-
Dyamèt: Sin lan oubyen eskwasans lan pi gwo pase ¼ pous oswa 6 milimèt (gwosè yon gòm kreyon).
-
Evolisyon: Gwosè, fòm, teksti, oswa koulè sin nan oswa kwasans lan ap chanje.
 |
ABCDE nan zafè siy sou po klè. |
 |
ABCDE nan zafè siy sou po fonse yo ka pi difisil pou idantifye. |
Chache lòt tip kansè nan Po a
Kasinòm nan selil baz yo oubyen kasinòm epidèmoyid la bay sentom tankou:
-
Yon tach oubyen yon sin ki sanble diferan de tout lòt mak ki sou po w yo
-
Chanjman nan sansasyon yon kote, tankou demanjezon, sansibilite, oubyen doulè
-
Chanjman nan sifas po a, tankou swente, senyen, oubyen kal
-
Yon blese ki pa janm geri
-
Nouvo enflamsyon, woujè, oswa pwopagasyon koulè pi lwen pase antouraj yon sin
Kiyès ki gen risk?
Nenpòt moun nenpòt koulè ka fè kansè nan po. Men ou prezante plis risk si w gen:
-
Po klè ki gen mak wouj byen fasil epi ki pito boule olye li bwonze
-
Cheve w gen koulè pal oswa wouj
-
Je w gen koulè pal
-
Anpil sin oubyen sin anòmal sou po w
-
Si w te pran yon kout solèy oubyen si w te sou yon kabann bwonzaj san pwoteksyon
-
Si w te konn pran anpil kout solèy lè w te timoun oswa adolesan
-
Istwa fanmi an gen kansè po ladann
-
Si w te ekspoze ak radyasyon oubyen pwodwi chimik
-
Yon sistèm iminitè ki fèb
-
Te ekspoze a asenik
Si ou te gen kansè po nan tan lontan, ou gen gwo risk pou genyen l ankò.
Kijan pou w verifye po w
Fè bilan po w chak mwa devan yon miwa ki tout longè. Itilize yon chanm ki gen bon ekleraj pou w ka byen wè. Itilize yon moso miwa pou gade kote ki difisil pou wè tankou dèyè w ak do w. Ou ka fè yon zanmi oswa yon manm nan fanmi w ou fè konfyans tou ede w verifye sa. Verifye tout pati nan kò w, tankou:
-
Tèt ou (zòrèy ou, figi w, kou w, ak po tèt ou)
-
Tòs (devan, dèyè, sou kote, ak anba tete)
-
Bra (anwo, anba, ak anba bra yo)
-
Men ou yo (pla yo, do yo, dwèt yo, ak anba zong yo)
-
Pi ba do w, fès, ak pati jenital ou yo
-
Janm ou yo (devan, dèyè, ak sou kote yo)
-
Pye ou yo (do yo, pla yo, zòtèy yo, anba zong yo, fant zòtèy yo)
Siveye nouvo tach sou po ou oswa yon tach ki chanje koulè, fòm, gwosè.
Si w gen anpil sin, fè foto yo chak mwa. Asire w ou pran foto pre ak a elwanye. Sa yo ka ede w wè si sin yo chanje pandan tan ap pase a.
Byen konnen po w
Pi fò chanjman po pa kansè. Men si w wè nenpòt chanjman nan po w, rele founisè swen sante w la touswit. Sèlman yo menm ki ka di w si yon chanjman se yon pwoblèm. Si w gen kansè po, al wè founisè swen sante w la ka premye etap pou w jwenn tretman ki ka sove lavi w la.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.