Health Encyclopedia
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Konprann Maladi Pakinsonn nan

Maladi pakinsonn nan se yon kondisyon ki afekte kontwòl mouvman w yo. Yon mank dopamin ki lakoz li, yon pwodui chimik ki ap ede selil nè yo ki nan sèvo w la kominike youn ak lòt. Lè pa gen dopamin nan kèk kote nan sèvo a, mesaj yo ki di kò w kijan pou l bouje a pèdi oubyen defòme. Sa ka mennen sentom tankou tranbleman, redi oubyen mouvman ki lan. Pa gen remèd pou maladi Pakinsonn. Men bon tretman ka ede w diminye sentom yo epi pèmèt ou viv yon vi ranpli, yon vi aktif.

Chanjman nan sèvo a

Dopamin nan fèt nan yon ti kote nan sèvo a ki rele sibstans nwa (Susbstantia nigra). Pou rezon ki pa klè, selil nè yo nan zòn sa ki fè dopamin nan kòmase mouri. Sa vle di gen mwens dopamin ki disponib pou ede w kontwole mouvman w yo. Lè li an sante, sibstans nwa a fè ase dopamin pou ede w kontwole mouvman kò w yo.

Viwonn tèt la ak koup transvèsal sèvo a. Substantia nigra se yon ti kote nan mitan anba sèvo a.

Sentom maladi Pakinsonn yo

Souvan sentom maladi Pakinsonn yo parèt ti kal pa tikal. Kèk konn pran plizyè ane pou yo devlope. Lòt yo ou ka pa gen okenn sentom di tou. Sa nou plis jwenn yo anba a:

  • Tranbleman (tranbleman pandan repo). Sa ka afekte men yo, ponyèt yo, ak janm yo. Pi souvan, tranbleman an vin pi grav nan yon bò nan kò a. Jeneralman li diminye lè y ap itilize ponyèt la oubyen janm nan (manm).

  • Mouvman dousman (bradikinezi). Sa ka afekte tout kò a. Moun yo ka ap mache a ti pa, ap trennen. Yo ka santi yo "glase" tou epi yo pa ka bouje.

  • Redi (rijidite). Sa rive lè misk yo pa detann yo. Li ka lakoz ou gen doulè miskilè epi w pa ka kanpe dwat.

  • Lòt sentom yo. Tankou pwoblèm ekilib, ekriti piti, ti vwa, konstipasyon, espresyon fasyal ou redui oswa "plat", epi w gen difikilte pou w dòmi. Pèt memwa oubyen lòt pwoblèm refleksyon ka rive tou pi devan nan pwogresyon maladi a.

Kijan yo dyagnostike Pakinsonn nan?

Pa gen yon ekzamen inik pou maladi Pakinsonn nan. Dyagnostik la ap chita sou sentom ou yo, istwa sante w, ak ekzamen fizik. Yo ka fè w tès tou pou ede w elimine lòt pwoblèm. Yo ka tès sangen pou yo chache maladi ki ka gen menm sentom yo. Yo ka fè radyografi pou sèvo a tou, tankou yon IRM oswa yon eskanè sèvo a.

Pakinsonis se non pou yon gwoup kondisyon serebral ki gen menm sentom ak maladi Pakinsonn nan. Sepandan, koz sentom sa yo diferan. Nan kèk ka, sentom tip Pakinsonn yo konn vini aprè yon estwòk oubyen yon twomatis nan tèt. Nan kèk ka tou medikaman oubyen lòt maladi ki afekte sèvo a ka lakoz yo. Anjeneral, kondisyon sa yo pa ka byen trete ke sa ak medikaman ki ka ede moun ki gen maladi Pakinsonn nan.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer