Health Encyclopedia
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Pren swen w si w gen ensifizans renal

Ensifizans renal ak tretman l yo ap mennen chanjman nan lavi w chak jou. Kèlkeswa chanjman ou bezwen fè a, ekip swen sante w la ka ede w ak yo.

Lavi w chak jou

Ou ka ap mande w kijan tretman w lan ap entegre l nan rès lavi w. Men ak kèk chanjman, ou ka viv yon vi antye ak ensifizans renal. Si w ap travay, pale ak patwon w lan de tout chanjman ou bezwen fè nan kalandriye w oubyen nan tach ou yo. Ou ka wè nivo enèji w ap moute desann. Epi w ka remake nouvo pwoblèm fizik. Si w pa ka fè aktivite chak jou w yo menm jan ak anvan, founisè swen sante w la ka sijere w kèk tretman. Oswa li ka voye w nan fizyoterapi.

Manje, bwè, epi medikaman

  • Nenpòt tretman ou genyen an ap met kèk restriksyon nan sa w ap manje ak bwè. Yon dyetetisyen ap gen pou l travay avè w. L ap ede w konprann sa yo. Ou ka bezwen rete lwen manje ki gen anpil sèl, potasyòm, oubyen fosfò. 

  • Tretman vle di pran medikaman. Kèk nan sa yo w ap bezwen pou w pran yo 1 oubyen plis fwa pa jou. Lòt yo y ap ba ou yo pandan tretman an oubyen founisè swen sante w la ap vizite w. Ou dwe gen lis medikaman w ap pran yo. Moutre nenpòt founisè swen sante ou al vizite. Verifye sa tou ak founisè w la oswa ak famasyen w lan anvan w pran nenpòt medikaman ki pa nan lis la. Tankou aspirin. Ren yo elimine oubyen teret anpil medikaman. Founisè swen sante w la oswa famasyen w lan ka ajiste dozaj ou a pou ou. Lòt medikaman ka blese ren w yo, epi ou ka pa otorize pou pran yo. Tankou koloran IV (nan venn) yo bay lè y ap eskàne kèk kote nan kò a.

Fè chwa ki sen

Yon gason ak yon fanm k ap mache deyò.

Ou ka chwazi yon mòd de vi ki ap ede tretman w lan mache pi byen. Ekzèsis ka redui efè segondè tretman w lan. Li ka ede w tou kontwole pwa w ak tansyon w. Mande ekip swen sante w la ki tip ekzèsis ki bon pou ou.

Si w konn fimen, li enpòtan pou w sispann. Fimen redwi (resere) veso sangen yo epi li lakoz enfeksyon. Tou de bagay sa yo danjere pou moun ki gen ensifizans renal. Pale de kite fimen ak ekip swen sante w la. 

Si w gen dyabèt oswa tansyon wo, l ap enpòtan pou w kontwole nivo sik ou ak tansyon w jan founisè w la te mande w fè sa. Kenbe pwa w nan yon nivo nòmal pou kò w. Epi kenbe nivo kolestewòl ou sou kontwòl tou. 

Toujou mete yon braslè oswa yon chèn alèt medikal. Toujou mache ak lis medikaman w yo ansanm ak lis non founisè w yo nan bous ou oswa sou telefòn ou. Mande patnè w la oswa yon fanmi pwòch ou pou li fè menm jan an.

Siveye sante w

Avèk bon tretman an, ou ta sipoze kòmanse santi w byen. Si w suiv tout enstriksyon yo ba w yo epi w toujou pa santi w byen, di founisè w la sa. Yo ka oblije fè kèk chanjman nan tretman w lan. Ou ap bezwen fè tchekòp regilyèman ak founisè w la.

Anrejistreman

Ansèkle deklarasyon anba yo ki vrè pou ou. Pou chak deklarasyon ou pa ansèkle, mande yon founisè swen sante pou l ede w aprann sa w bezwen konnen:

  • Mwen gen yon lis tout medikaman mwen ap pran yo. 

  • Mwen konnen a kiyès pou m pale lè m bezwen èd oubyen sipò an plis. 

  • Mwen konnen ki manje m ta dwe manje. Mwen konnen tou ki kantite m ta dwe manje.

  • Mwen te pale de ekzèsis ak yon founisè swen sante.

  • Mwen gen non ak nimewo tout founisè swen sante m yo.

  • Mwen konnen kisa asirans mwen kouvri ak kisa li pa kouvri.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer