Siy Lajonis
Lajonis se yon tèm ki itilize pou dekri lè koulè po a vin jòn akoz yon ogmantasyon biliribin. Lakay timoun ki fenk fèt yo, jeneralman se yon maladi tanporè ki rive lè fwa bebe a poko devlope ase epi poko an mezi pou l ede kò a elimine biliribin lan. Biliribin lan se yon sibstans ou jwenn nan globil wouj yo. Li ka ogmante aprè nesans lan akoz lanmò natirèl globil wouj yo. Si biliribin lan atenn yon nivo ki twò wo, li ka reprezante yon danje pou devlopman sèvo ak sistèm nève bebe ou a. Se poutèt sa li enpòtan pou w egzamine bebe ki gen siy lajonis yo, yon fason pou asire biliribin lan pa atenn yon nivo ki reprezante danje. Li nòmal nan estad sa a pou fwa bebe w la pa twò devlope. L ap kòmanse elimine biliribin nan kò a san pèdi tan. Prèske mwatye nan timoun ki fenk fèt yo, prezante siy lajonis, tankou po yo oswa je yo jòn .
Sa pou n siveye
Si yon bebe gen lajonis, po l oswa blan je l, ap vin jòn. Peze fontenn bebe ou a dousman avèk dwèt ou pandan kèk segond epi lage l. Sa ap rann li pi fasil pou w wè koulè jòn yo anba koulè po bebe ou a. Yo parèt jeneralman sou 3èm a 4èm jou aprè nesans lan. Bebe ki fèt anvan lè yo espesyalman riske fè maladi sa.
Kisa pou w fè
 |
Bay ti bebe a tete souvan ede trete jonis. |
Toujou rele founisè swen sante bebe ou a si w remake kèlkeswa siy lajonis. Nan kèk ka, sa kapab grav epi li kapab menm menase sante bebe a. Founisè swen sante w la kapab rekòmande w:
-
Bay bebe w la tete souvan. Sa vle di pandan omwen 8 a 10 fwa chak 24 èdtan. Si w pa fè alètman, mande founisè swen sante bebe ou a ki kantite lèt pou bebe ou sipoze ba li.
-
Trete maladi lajonis lan gras ak lanp espesyal (fototerapi) lakay ou oswa nan lopital la. Founisè swen sante bebe ou a kapab di w plis sou fototerapi a, si l nesesè.
Kilè pou w rele founisè swen sante timoun ou an
Rele founisè swen sante w la si nenpòt nan bagay sa yo rive:
-
Bebe ou a manje mwens.
-
Bebe ou a kagou epi li gen difikilte pou l reveye.
-
Tanperati kò bebe oua 100,4°F (38°C) oswa pi wo, oswa jan founisè swen sante w la di w
-
Bebe ou a pipi mwens.
-
Bebe ou a ap kriye epi w pa ka kalme l.
-
Po bebe ou a gen po jòn oswa blan je bebe ou a jòn.
-
Bebe ou a te wè ak founisè swen sante li a deja pou kesyon lajonis. Men, kounya koulè jòn lan deplase l al nan lonbrit li. Lajonis lan deplase jeneralman soti nan tèt pou rive nan pye, toutotan nivo a ap ogmante.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.