Health Encyclopedia
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Kisa Maladi Enflamasyon Pèlvyen an ye (PID)?

Maladi enflamasyon pèlvyen (PID) an se yon enfeksyon nan ògàn repwodiktè yo. Li ka lakoz gwo domaj nan kò a si li pa trete. Pafwa enflamasyon pèlvyen an pwovoke sentom ki ase grav pou voye w nan ijans. Men nan anpil ka, PID a pa fè bri. Li ka gen kèk ti sentom oswa li pa genyen ditou. Enfeksyon an ka trete. Sa ka ede evite domaj ki ka pran tan.

Kiyès ki gen enflamasyon pèlvyen?

Enflamasyon pèlvyen an ka vini a tout laj. Men laplipa nan fanm yo genyen l nan fen adolesans yo oubyen nan kòmansman 20 èn yo. Anpil moun konnen yo gen enflamasyon pèlvyen aprè plizyè àne. Plis yon fanm enfekte lontan, se plis li riske gen plis pwoblèm sante. Plis ou gen anpil patenè seksyèl, se plis ris la pi wo. Si w te gen enflamasyon pèlvyen deja li pi fasil pou w regenyen l. 

Kisa sentom yo ye?

Si enflamasyon pèlvyen an bay sentom, yo sanble ak sentom anpil lòt pwoblèm sante. Sa ka fè li difisil pou yo dekouvri enflamasyon pèlvyen an. Sentom yo ka gen ladan yo:

  • Doulè pèlvyen

  • Doulè lè w ap fè sèks, oubyen senyen aprè

  • Gen doulè lè w ap pipi oswa ou pipi souvan

  • Lafyèv, frison, oubyen lòt sentom ki konn di w pral gripe yo

  • Likid ki gen vye sant k ap soti nan vajen w

  • Vajen an gen yon san l ap bay ki pa nòmal 

  • Lestomak fè mal ak vomisman

  • Doulè nan pati anwo bò dwat vant ou

Koman mwen te fè genyen enflamasyon pèlvyen a?

Yon imaj fas an koup aparèy repwodiktऑè feminen avèk flèch yo k ap montre wout nan vajen an, kòl iteris la, iteris la, ak deyò twonp falòp yo.

PID a rive lè kèk jèm enfekte ògàn repwodiktè yo. Sa fèt souvan akoz moun nan pran yon enfeksyon moun pran nan fè bagay (STI). Nan kèk ka, fanm yo devlope yon enfeksyon pèlvyen nan itilize dispozitif anndan iteris la (IUD) pou kontwole nesans yo. Sa a souvan rive nan 3 premye semèn aprè yo fin mete esterilè a anndan matris la. Yo panse PID an rive nan fason sa: 

  1. Espèm nan soti nan peni an pou ale nan vajen an pandan rapò seksyèl yo. Jèm ki responsab enfeksyon moun pran nan fè bagay yo ka antre nan espèm nan.

  2. Jèm yo ka travèse kòl matris la epi antre nan matris la.

  3. Bakteri yo vwayaje soti nan matris la ale nan twonp falòp yo ak ovè yo. Sa yo vin enfekte.

  4. Enfeksyon an ka kite twonp falòp yo epi ale nan lòt pati nan kò a.

Tretman ka ede

Souvan, PID a ka geri lè yo dekouvri l epi trete l bonè. Men si l pa trete, enflamasyon pèlvyen ka bay pwoblèm sante ki grav. Tankou domaj nan ògàn repwodiktè yo, doulè pèlvyen, ak pwoblèm pou ansent (enfètilite). Nan ka ki ra, konplikasyon enfeksyon pèlvyen yo ka menm mete lavi w an danje. Se sak fè enflamasyon pèlvyen an dwe trete pi bonè posib.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer