Pwoblèm tiwoyid nou plis jwenn yo
Tiwoyid la se yon glann ki nan kou a. Se ipofiz ki nan sèvo a ki kontwole l. Tiwoyod la fabrike 2 òmòn ki kontwole kòman kò a itilize ak estoke enèji a. Si genyen yon pwoblèm ak tiwoyid la, to òmòn tiwoyidyèn yo ka chanje. Sa ka mennen sentom. Yo ka trete pwoblèm tiwoyid.

Ipotiwoyidi
Se lè gland tiwoyid la pa pwodwi ase òmòn Koz ipotiwoyidi yo pi konnen an se tiwoyidit Hashimoto a. Sa fèt lè sistèm iminitè kò a atake glann tiwoyid la pa erè. Sa ki andomaje tiwoyid la ki vin fè l pa pwodwi ase òmòn. Ipotiwoyidi a ka rive nan ka gen yon karans grav oubyen eksè yòd nan kò a. Tiwoyid la bezwen yòd poul fabrike òmòn yo. Pwoblèm ak gland pitwitè an ka mennen yon pwodiksyon òmòn tiwoyidyè ki pa sifi. Sèten medikaman ka pwovoke yon ipètiwoyidi. Si yo retire glann tiwoyid la pandan yon operasyon ipotiwoyid la ap pwodwi tou. Ipotiwoyidi a ka devlope tou aprè gwosès la.
Sentom nou jwenn plis yo se:
-
Enèji fèb ak fatig
-
Depresyon
-
Santi w frèt
-
Doulè miskilè
-
Panse ralanti
-
Konstipasyon
-
Règ ki dire plis tan ak gen plis senyen
-
Pran pwa
-
Po, cheve, zong sèk epi k ap kase
-
Kabicha anpil ki menm twòp
Ipètiwoyidi
Se lè gland tiwoyid la pwodwi twòp òmòn. Koz yo pi konnen an se maladi Graves. Sa fèt lè sistèm iminitè kò a mande tiwoyid la pa erè pou l pwodwi twòp òmòn. Yon lòt koz se yon ti bòs (nodil) nan glann tiwoyid la. Sa ka pwovoke yon ipètiwoyidi si selil nodil la pwodwi twòp òmòn tiwoyidyèn epi kanpe pwodiksyon òmòn nan rès glann tiwoyid la.
Sentom nou jwenn plis yo se:
-
Latranblad, nèvozite, iritabilite
-
Santi w cho
-
Yon rit kadyak rapid oubyen iregilye
-
Feblès miskilè, fatig
-
Latranblab nan men yo
-
Al nan twalèt souvan
-
Règ ki pi kout, pi lejè, oubyen iregilye
-
Pèdi pwa
-
Pèdi cheve
-
Gwo je
Nodil (bòs)
Nodil yo se ti moso tisi nan glann tiwoyoid la. Pi souvan, yo pa konnen sa ki lakoz nodil yo. Men yo ka jwenn yo plis lakay moun ki te resevwa yon tretman pa radyoterapi nan tèt oubyen nan kou. Pafwa yo ka santi nodil yo deyò kou a. Anpil fwa, nodil yo pa pwovoke okenn sentom epi yo pa afekte kantite òmòn tiwoyidyèn yo. Anpil nan nodil yo pa bay kansè. Men pafwa yon nodil ka yon kansè. Faktè risk kansè yo gen ladan yo laj, sèks, antesedan familyal pou kansè nan tiwoyid, ak antesedan ekspozisyon nan reyon.
Kisa yon gwat ye?
Yon gwat se yon elajisman glann tiwoyoid la. Lè glann nan gwosi, ou ka wè oubyen santi yon gonfleman sou kou w. Yon gwat ka devlope lakay yon moun ki gen yon ki gen yon tiwoyid nòmal, yon tiwoyid ipèaktif (ki aktif anpil), oubyen yon tiwoyid ipoaktif (ki pa twò aktif).
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.