Enfeksyon Estafilokòk (Non-MRSA)
Se yon bakteri ki bay enfeksyon estafilokòk la. Bakteri a rele Staphylococcus aureus. Bakteri sa yo se jèm ki kouran. Pi fò granmoun ki an sante yo gen jèm estafilokòk yo nan nen yo oubyen sou po yo. Nòmalman, yo pa lakoz maladi. Men si ou blese, estafilokòk la ka antre nan kò ou epi lakoz enfeksyon. Sa ka lakoz anpil pwoblèm. Li ka lakoz yon enfeksyon po ki lejè. Oswa li ka lakoz yon enfeksyon po ki grav, nan tisi pwofon yo, nan poumon yo, nan zo ak nan san.
Yon enfeksyon estafilokòk souvan geri poukont li. Oubyen li ka trete fasilman ak antibyotik. Men gen kèk bakteri estafilokòk ki rezistan parapò ak kèk antibyotik epi ki pi difisil pou yo trete. Papye sa ap pale plis de enfeksyon estafilokòz la ak kisa ou ka fè pou evite yo.
Kijan enfeksyon estafilokòk la pwopaje?
 |
Paske nen an gen estafiloz ladann, enfeksyon po souvan rive prè nen an oubyen bouch oubyen toude. |
Enfeksyon estafiloz pwopaje nan kontak po ak po ak yon moun ki deja enfekte. Li pwopaje tou nan kontak ak objè ki kontamine. Tankou:
Kiyès ki riske gen enfeksyon estalofikòk?
Nenpòt moun ka trape enfeksyon estafilokòk la. Kèk faktè risk rann li pi pwobab, tankou:
-
Ou ap viv oubyen ou gen kontak sere ak yon moun ki gen estafilokòk
-
Ou gen yon blese ki ouvè
-
Po w fann oubyen ou gen lòt blese sou po w
-
Ou pratike espò kontak oswa ou pataje sèvyèt oubyen ekipman atletik ak yon moun
-
Ou te fè yon pasaj nan lopital oubyen yon etablisman sante alontèm
-
Ou fè yon operasyon resan oubyen tretman pou yon blese
-
Ou gen yon tib ki pou nouri ou nan kò ou
-
Ou nan dyaliz pou ren ou
-
Ou gen yon sistèm iminitè ki fèb oubyen yon maladi ki grav
-
Ou ap fè enjeksyon dwòg ilegal nan kò ou
Ki kondisyon enfeksyon estafilokòk la ka lakoz?
Yon enfeksyon estafilokòk souvan kòmanse sou po w. Li ka parèt tankou ti pwen wouj. Yo ka sanble ak bouton oubyen mak dan moustik. Plè sa yo ka tounen enfeksyon ki ranpli ak pij (abse). Enfeksyon estafilokòk la ka pwopaje pi fon nan kò ou. Yo ka lakoz youn nan sa yo:
-
Enfeksyon nan zo (Osteyomyelitis), misk, ak lòt tisi
-
Enfeksyon nan poumon (nemoni)
-
Enfeksyon nan yon blese aprè yon operasyon
-
Enfeksyon nan san (bakteryemi)
-
Enfeksyon doubli kè a ak valv kè yo (andokadit)
-
Maladi toksin estafilokòk yo lakoz (sendwom chòk toksik)
-
Boul ak bouton sou po w (sendwòm po irite)
Kijan yo dyagnostike enfeksyon estafilokòk?
Founisè swen sante ou a souvan dyagnostike enfeksyon estafilokòk la selon jan li parèt la. Yo ka pran yon echantiyon likid k ap koule nan yon blese w genyen. Yo voye echantiyon sa a nan yon laboratwa pou yo analize l. Si enfeksyon an pi grav, yo ka fè lòt tès pou ou. Yon echantiyon san oubyen pipi, mikis ki nan poumon yo (ekspektorasyon), oubyen yon byopsi tisi ki enfekte a ki kapab teste. Yo voye echantiyon yo nan laboratwa pou teste yo pou enfeksyon estafilokòk.
Kijan enfeksyon estafilokòk la trete?
Yon ti enfeksyon po souvan trete ak dlo cho ak swen bazik pou blese, tankou yon bandaj. Si enfeksyon an pi grav, yo ka preskri w yon antibiyotik. Li ka yon konprime. Oubyen li ka se yon pomad pou pase sou po. Pou yon enfeksyon ki pi grav, founisè swen sante w la ka preskri w yon antibyotik ki pi fò pou yo ba w dirèkteman nan venn ou. Si ou gen yon apse, founisè swen sante w la dwe netwaye li.
Kijan mwen ka evite enfeksyon estafilokòk la?
Pou w diminye pwopagasyon enfeksyon estafilokòk la:
-
Kenbe blese w yo pwòp epi byen panse yo jiskaske yo geri.
-
Evite kontak ak blese oubyen pansman yon lòt moun.
-
Pa pataje bagay pèsonèl ou tankou sèvyèt, razwa, rad oubyen ekipman atletik ou ak lòt moun.
-
Kenbe men ou yo pwòp. Toujou lave men w:
-
Avan ak aprè w fin fè manje oubyen manje
-
Avan ak aprè w fin bay yon moun k ap vomi oubyen ki gen dyare swen
-
Avan ak aprè ou fin swanye yon blese sou po
-
Aprè w soti nan twalèt, chanje daypè, touche yon bèt oubyen dechè yon bèt, mouche nen w, estène oubyen touse
Konsèy pou ou byen lave men ou:
-
Itilize savon ak dlo trete k ap koule. Fè li fè anpil kim.
-
Netwaye tout men ou, anba zong ou yo, mitan dwèt ou yo, ak anlè ponyèt ou.
-
Lave yo pandan omwen 20 segonn. Pa sèlman pase yo yonn sou lòt. Byen fwote yo.
-
Byen rense men w anba dlo k ap koule ki pwòp.
-
Byen seche men ou yo. Itilize sèvyèt papye pou w fèmen wobinè a epi ouvri pòt la.
Konsèy pou w itilize jèl ki gen alkòl ki fèt pou lave men yo (lè li pa posib pou w itilize savon ak dlo):
-
Itilize yon dezenfektan ki gen pou pi piti 60% alkòl.
-
Itilize yon kantite jèl sifizan pou men w yo ka mouye nèt.
-
Fwote men ou yo ansanm ak fòs. Netwaye do men ou, pla men ou, mitan dwèt ou yo, ak anlè ponyèt ou.
-
Fwote yo jiskaske jèl la disparèt epi men ou sèch nèt. Sa ka pran anviwon 20 segonn.
Pran antibyotik kòrèkteman
Ou ka tande pale de MRSA. Sa se yon Estafilokòk oreyis (Staphylococcus aureus) ki rezistan ak metisilin. Se yon kalite bakteri estafilokòk ki difisil pou elimine (rezistan) avèk antibiyotik ki te konn fè efè kont li yo. Sa vle di bakteri a pa ka trete ak kèk antibyotik (tankou metisilin) ki mache sou lòt tip estafilokòk yo. Men gen lòt antibyotik ki ka fè efè.
Lòt moun ka simaye bakteri ki rezistan yo. Oubyen yo ka devlope lè yo pa preskri yon moun antibyotik oubyen si moun nan pa byen pran antibyotik yo. Sa gen ladan lè w:
-
Pran antibyotik yo pandan plis tan pase tan ki nesesè a
-
Pa pran antibyotik yo pandan ase lontan
-
Pran antibyotik yo nan moman ou pa nan nesesite yo
Se poutèt sa:
-
Founisè swen sante ou a pa ka preskri w antibyotik amwenske li asire li ou bezwen yo.
-
Ou dwe pran antibiyotik yo egzakteman jan founisè w la di w la.
-
Ou pa dwe sote dòz yo.
-
Ou dwe pran medikaman an jiskaske li fini, menm si ou santi w amelyore.